Accessibility links

Breaking News

Yon Jèn Koup Afghan Akize yon Merin Ameriken Dèske li Vòlè Pitit yo


Foto Achiv: Plizye santen moun rasanble tou pre yon avyon fos ayeryen Ameriken C-17 nan perimet ayewopo entenasyonal Kaboul la nan peyi Afghanistan, 16 Out 2021.
Foto Achiv: Plizye santen moun rasanble tou pre yon avyon fos ayeryen Ameriken C-17 nan perimet ayewopo entenasyonal Kaboul la nan peyi Afghanistan, 16 Out 2021.

Yon jèn koup Afghan ki rive Ozetazini antanke refije asiyen yon Merin Ameriken ak madanm ni ke yo akize dèske yo kidnape ti bebe yo a.

Pitit la te blese nan yon operasyon militè Ameriken ki te touye paran li ak 5 frè ak sè e se kouzen li ki te fèk marye ak madanm ni ki tap elve li.

Dosye ki depoze devan tribinal la di koup Afghan an pat konnen ke Merin Ameriken Joshua Mast ak madanm ni te adopte pitit la nan yon tribinal eta Vijini.

Mast te ede fanmi an chape poul li pandan kawo ki te genyen Afghanistan apre retrè twoup Ameriken yo. Koup la di apre sa, lè Mast te rive Ozetazini li te kidnape pitit yo.

Merin nan bo kote pa li di limenm ak madanm ni se paran legal tibebe a e ke yo te aji yon fason "admirab" lè yo te deside sove pitit la dapre prensip Kretyen yo.

XS
SM
MD
LG