Mwayen Oryan
- Serge Michel
Afghanistan: Gen Yon Lane Depi Taliban yo Retounen o Pouvwa

Yon lane apre Taliban te retounen nan pouvwa-a, efò gwoup islamis-la pou jere yon ekonomi ki te sou lagraba akoz sechrès, pandemi Covid-19-la, ak konfyans redui nan gouvènman ke-l te jete-a, yo pa debouche sou okenn siksè.
Nan dènye ane fiskal anvan gouvènman koalisyon Ashraf Ghani ke loksidan te apiye-a te kraze – 2020-2021 – 75 pousan depans leta ki soti nan bidjè 5 milya 500 milyon dola pou ane-a te chita sou èd etranje. Men kite Etazini te kite peyi-a, èd entènasyonal sivil ak èd sekirite te kanpe san avètisman e sanksyon te tonbe sou nouvo dirijan-yo.
Etazini te pran pifò nan rezèv lajan ke peyi-a te gen nan peyi etranje, kote li bloke apeprè 7 milya dola ke bank santral Kaboul-la te depoze nan Etazini, kote gouvènman ameriken-an di l-ap remèt yo lajan-an si gen alye-mye nan dwa fanm-yo e si gen fòmasyon yon gouvènman ki gen divès tandans ladan.
See all News Updates of the Day
Konsèy Sekirite LONU Ranvaye Vot sou Seselfe Gaza a
Konsèy Sekirite Nasyonzini pa vote rezolisyon yon seselfe nan teritwa Gaza a malgre apèl Sekretè Jeneral Nasyonzini an Antonio Guterres lanse pou evite yon katastròf Valerio Saint Louis
- Jean Robert Phillipe
Izrayèl Kontinye ap Atake Militan Hamas yo
Izrayèl kontinye ap atake militan Hamas yo malgre apèl k ap lanse pou mande yon seselfe ak pwoteksyon sivil yo
Atak Wòkèt Vize Anbasad Ameriken nan Bagdad
Otorite Ameriken ak Irakyen yo di te gen yon atak ak wòkèt sou Anbasad Etazini an nan Bagdad, sa ki te lakòz kèk ti domaj men li pat koze okenn viktim.
Atak Wòkèt Vize Anbasad Ameriken nan Bagdad

BAGDAD (AP) — Otorite Ameriken ak Irakyen yo di te gen yon atak ak wòkèt sou Anbasad Etazini an nan Bagdad, sa ki te lakòz kèk ti domaj men li pat koze okenn viktim.
Milis Iranyen kap mennen operasyon nan Irak di se yo ki responsab plizyè douzèn atak ki vize baz twoup Ameriken yo nan Irak ak la Siri depi lagè Izrayèl-Hamas la te kòmanse a.
Anbasad la trouve li nan kapital Irakyèn nan.
Yon ofisyèl sekirite irakyen di milis yo te lanse 14 fize Katyusha vandredi, e kèk ladan yo te frape toupre youn nan pòtay Anbasad Ameriken an.
Yon ofisyèl militè ameriken di ke wòkèt te frape tou baz Union III a ki gen biwo kowalisyon Etazini an Irak ladann.
- Serge Michel
Gwo Batay Fewòs nan Gaza

Gwo batay fè raj Jedi nan pi gran vil yo nan Gaza, ant fòs izrayelyen ak militan Hamas, kote sivil palestinyen te chache ti rès abri ki rete pou yo chape anba lagè a.
Batay te dewoule nan vil Gaza, nan nò a, kote Izrayèl te santre premye etap operasyon-li pou elimine Hamas, epi nan Khan Younis nan sid Gaza, ki se dènye kote gè a rive.
Tout tan batay ap dewoule, se plis sivil yo ap pran wout sid pou yo, e vyolans la deranje operasyon imanitè l-ONU e pouse dirijan òganizasyon mondyal la yo lanse avètisman repete pou fè konnen sityasyon an ap vin pi grav.
Nasyon Zini di dè dizèn milye moun sot rive nan jou ki pase yo nan Rafah, yon vil ki toupre fwontyè sid Gaza. Zonn Rafah a se sèl seksyon nan Gaza ki te resevwa distribisyon limite èd imanitè semenn sa a akoz vyolans la ki pran pati nò a, dapre l-ONU.