Accessibility links

Breaking News

Tiki Depòte Plizyè Milye Afgan Malgre Protestasyon Entènasyonal


Officers from the European Union’s border protection agency, Frontex, lead a migrant as they get in a ferry in the port of Mytilini, Lesbos island , Greece, April 8, 2016.
Officers from the European Union’s border protection agency, Frontex, lead a migrant as they get in a ferry in the port of Mytilini, Lesbos island , Greece, April 8, 2016.

Tiki depòte plizyè milye Afgan malgre pwotestasyon entènasyonal kont yon sitiyasyon imanitè dezespere nan Afghanistan; militan yo akize lidè taliban yo dèske yo vyole dwamoun.

Nan mwa janvye 2022 Tiki se te dezyèm peyi aprè Pakistan ki te rekòmanse vòl dirèk nan Afganistan, kèk mwa apre tout vòl entènasyonal te kanpe nan peyi sa a ki te destabilize yon fwa ansyen gouvènman afgan an te kraze nan dat 15 out ane pase a.

Nan 6 mwa ki pase yo 79 vol charter depòtasyon ki te soti nan Tiki te ateri nan ayewopò entènasyonal Kaboul la. Yo te pote plis pase 18 mil afgan, daprè otorite tik yo ak Oganizasyon Entènasyonal pou Migrasyon.

Taliban yo te sezi pouvwa a nan mwa out 2021, sa ki te plonje Afganistan nan youn nan pi move kriz imanitè nan mond la an menm tan ke sa te pouse Nasyonzini lanse, nan ane 2022 a, pi gwo apèl pou asistans imanitè pou yon sèl peyi, swa apeprè 4 milya 400 milyon dola.

XS
SM
MD
LG