Accessibility links

Breaking News

Etazini Andose Juan Guaido kòm Prezidan Provizwa Venezuela


Juan Guaido (nan mitan) ki deklare tèt li Prezidan Pwovizwa Venezuela.
Juan Guaido (nan mitan) ki deklare tèt li Prezidan Pwovizwa Venezuela.

Lèzetazini rekonèt ofisyèlman, mèkredi 23 janvye 2019 la, Juan Guaido, prezidan asanble nasyonal Venezuela a, kòm prezidan pwovizwa peyi sid-ameriken an aprè Misye Guaido, ki se yon lidè opozisyon an, te deklare tèt li prezidan pandan yon mouvman pwotestasyon ki fikse pou tout jounen mèkredi a.

Nan yon deklarasyon Prezidan Donald Trump pibliye, li di Washington pote sipò li bay Juan Guaido kòm prezidan pwovizwa Venezuela. Lidè ameriken an pale konsa pa lontan aprè Misye Guaido te deklare l ap asime prezidans la nan kad plan opozisyon an genyen pou l retabli demokrasi nan Venezuela. Lidè ameriken an di:

“Jounen jodi a m ap rekonèt ofisyèlman Prezidan Asanble Nasyonal Venezuela a, Juan Guaido, kòm Prezidan Pwovizwa Venezuela. Nou ankouraje lòt gouvènman nan emisfè oksidantal la pou yo rekonèt Misye Guaido kòm Prezidan Provizwa Venezuela e nou pral travay efikasman avèk peyi vwazen sa yo pou nou tout apiye efò Juan Guaido ap fè pou l retabli lejitimite konstitisyonèl la.”

Patizan opozisyon an nan Venezuela ap pwoteste kont Prezidan Nicolas Maduro a; y ap mande l kite pouvwa a. (Karakas, Venezuela, 23 janvye 2019).
Patizan opozisyon an nan Venezuela ap pwoteste kont Prezidan Nicolas Maduro a; y ap mande l kite pouvwa a. (Karakas, Venezuela, 23 janvye 2019).

Rekonesans Washington bay Prezidan Asanble Nasyonal la nan Karakas kòm nouvo Prezidan Peyi Venezuela a, rive nan moman plizyè milye sitwayen venezuelyen pran beton an nan kapital la nan kad yon mouvman pwotestasyon k ap dewoule nan tout peyi a pou mande Prezidan Nicolàs Maduro kite pouvwa a. Lapolis pran pozisyon nan tout lari e sou tout pon ki nan vil la pandan manifestan yo pa t sispann voye sou polisye yo tout sa ki tonbe anba men yo epi y ap chante slogan ki di “Maduro, ale fè wout ou” ak lòt kalte slogan kote yo denonse yon enflasyon ki pa sispann ogmante, mank divès pwodui premye nesesite ak yon kriz egzod a letranje ki divize anpil fanmi venezuelyèn.

Pandansetan, gouvènman Prezidan Maduro a mete pwòp manifestasyon pa l sou pye tou e li lanse akizasyon pou l di lidè opozisyon an ap komèt zak vyolans. Depi kèk tan deja rejim maduris la ap fè fas a gwo kritik aprè eleksyon prezidansyèl ki te dewoule ane pase a e ki ba li yon lòt manda 6 zan sou pouvwa a –yon manda ki, daprè opozisyon an nan Venezuela ak gouvènman anpil peyi nan rejyon an ak rès mond la, se yon manda ilejitim.

Lidè opozisoyn an kwè chans pou yo fòse Nicolàs Maduro kite pouvwa vin ogmante seryezman avèk yon kriz ekonomik grav peyi a ap travèse mete sou yon izolman k ap ranfòse plis chak jou sou sèn mondyal la. Mouvman pwostestasyon ki sou pye nan Venezuela a tonbe egzatteman nan jou anivèsè (61èm anivèsè) yon kou-deta ki te dewoule nan lane 1958 e ki te ranvèse diktatè militè Marcos Perez Jimenez.

Etazini Rekonèt Lidè Opozisyon, Juan Guaido, Kòm Prezidan Venezuela
please wait

No media source currently available

0:00 0:02:34 0:00

XS
SM
MD
LG