Accessibility links

Breaking News

Plizyè Peyi sou Kontinan Ameriken an Konfime Apui yo pou Prezidan Pwovizwa Venezuela a, Juan Guaido


Yon manifestan kap pwoteste kont rejim Prezidan Nicolas Maduro a, kenbe anlè yon ansèy ki ekri, "nou di non ak diktati o Venezuela" devan building OEA, nan Washington kote yon rankont tap dewoule sou kriz venezuelyèn nan jedi 24 janvye 2019 la.
Yon manifestan kap pwoteste kont rejim Prezidan Nicolas Maduro a, kenbe anlè yon ansèy ki ekri, "nou di non ak diktati o Venezuela" devan building OEA, nan Washington kote yon rankont tap dewoule sou kriz venezuelyèn nan jedi 24 janvye 2019 la.

Tèks ki anba a se ekstrè yon deklarasyon ki pote siyati chèf delegasyon divès peyi sou kontinan ameriken an ki te patisipe nan yon seyans spesya l'OEA te òganize sou Venezuela nan jounen jedi 24 janvye 2019 la.

"Nou, delegasyon peyi sa yo: Ajantin, Bahamas, Brezil, Kanada, Chili, Kolonbi, Kosta Rika, Ekwatè, Etazini, Ondiras, Guatemala, Ayiti, Jamayik, Panama, Paragwe, Pewou (ak La Repiblik Dominikèn), nou reafime dwa pèp Kontinan Ameriken an genyen pou yo viv nan demokrasi ak obligasyon gouvènman pèp sa yo genyen pou yo soutni, ankouraje epi defann demokrasi jan sa di nan atik 1 Chat demokratik latino-ameriken an.

"Nou reafime otorite konstitisyonèl asanble nasyonal Venezuela a, ki te eli demokratikman, e nou apiye yon fason dyanm dispozisyon ki pran pou ankouraje èd imanitè entènasyonal la, liberasyon prizonye politik yo, blokaj tout byen fonksyonè kowonpi yo ak dispozisyon pou bay fonksoynè sivil e militè ki apiye Asanble nasyonal la garanti ke efò ap fèt pou retabli demokrasi ak etadedwa nan Venezuela.

Manifestan ki t ap pwoteste kont rejim Nicolàs Maduro a.... Enskripsyon ki sou youn nan pannkat yo (a goch) vle di "Sekou pou Venezuela"..
Manifestan ki t ap pwoteste kont rejim Nicolàs Maduro a.... Enskripsyon ki sou youn nan pannkat yo (a goch) vle di "Sekou pou Venezuela"..

"Nan kontèks sa a, nou rekonèt e nou eksprime apui total nou pou Prezidan Asanble nasyonal a, Juan Guaido, ki asime prezidans pwovizwa Repiblik Venezuela a, daprè règ konstitisyonèl yo e akoz ilejitimite rejim Nicolas Maduro a.

"Nou gen yon fèm konfyans nan retablisman demokrasi reprezantatif la nan Venezuela anba lidèchip Prezidans pwovizwa Repiblik la, gras ak yon pwosesis pasifik, ki fèt avèk lòd, ki gen ladan l eleksyon lib, onèt, transparan, avèk obsèvasyon elektoral entènasyonal nan pi brèf delè, ann akò avèk Konstitisyon venezuelyèn nan, Chat Oganizasyon Eta Ameriken yo epi Chat demokratik entè-ameriken an. "

XS
SM
MD
LG