Accessibility links

Breaking News

Meksik Anonse Konstriksyon yon Nouvo Liyn Tren nan Sid Peyi a


Nouvo Prezidan Meksik la, Andrés Manuel Lopez Obrador.
Nouvo Prezidan Meksik la, Andrés Manuel Lopez Obrador.

Nouvo prezidan Peyi Meksik la, Andrés Manuel Lopez Labrador, lanse apèl bay patwon sektè komès ak endistri a pou l mande yo envesti nan yon pwojè ki rele “Tren Maya a”, swa yon liyn metwo ki ta kapab pèmèt pasaje al vizite kèk sit akewolojik ak kèk destinasyon touristik popilè.

Nan jounen dimanch 16 desanm 2018 la, Prezidan Lopez Obrador patisipe nan yon seremoni relijye ki dewoule nan lang Mayan an kote li priye zansèt yo pou yo vèse lapli benediksyon yo sou pwojè a. Lidè meksiken an deklare:

“Si, avèk tren sa a nou rive ogmante kantite toutis ki prale nan Palenque, sa pral pote dyòb, travay, ak sitwayen bòn volonte nan Palenque e nan lòt eta ki nan pati sid peyi a.”

Prezidan an kontinye pou l di 296 milyon dola deja disponib pou pwojè a ki, dapre sa li prevwa, pral kreye plizyè santèn milye djòb. Sepandan, Misye Lopez Obrador fè konnen egzekisyon pwojè a ap bezwen yon lòt sòm 741 a 890 milyon dola pou achte tren an e pou mete enstalasyon ki nesesè yo sou yon distans mil 500 kilomèt.

Sepandan anviwonnmantalis yo gen kè-sote akoz konsekans negatif operasyon tren an nan zòn nan kapab genyen sou anviwonnman an nan eta ki nan pati sid Meksik yo. Wout tren an pase nan kèk forè ki vyèj e kote animaal ki rele jaguar la abite.
Gouvènè Eta Chiapas, Tabasco, Campeche, Quintana Roo avèk Yucatan te prezan tou nen seremoni an.

XS
SM
MD
LG