Accessibility links

Breaking News

Spektak Drake nan Teyat Apollo a te Chaje ak Nostali epi Nouvo Mizik


Foto Achiv: Drake pandan seremoni remiz pri mizik Billboard yo nan Las Vegas, 1 Me, 2019.
Foto Achiv: Drake pandan seremoni remiz pri mizik Billboard yo nan Las Vegas, 1 Me, 2019.

Drake, youn nan pi gwo vedèt mizikal yo te prezante yon spektak chaje ak nostalji epi pi gran hit li yo pandan wikèn nan nan teyat ikonik Apollo a nan Nouyok.

Spektak Samdi a te dire 90 minit e li te gen ladann plis pase 40 chante ak envite sipriz - The Diplomats epi 21 Savage.

Drake, ki ranpòte 4 pri Grammy fè konnen li taka pibliye kèk nouvo chante ane sa a e ke li gen entansyon vwayaje pasi pala pou prezante spektak nan divès vil.

Drake se atis moun Ozetazini te stream pi souvan pandan ane 2022 a, dapre Spotify. O pwend vi global, li se twazyem atis popilè apre Bad Bunny ak Taylor Swift.

Drake pibliye 2 albòm ane pase a: "Honestly, Nevermind" epi yon pwojè li kote te kolabore ak 21 Savage nan mwad Novanm nan ki rele "Her Loss".

XS
SM
MD
LG