Accessibility links

Breaking News

Seremoni Remiz Pri BET yo Fikse pou Dimanch, Doja Cat Ranpòte yon Pakèt Nominasyon


Foto Achiv: Doja Cat pandan festival Mizik ak Ar Coachella a nan Indio, Kalifoni, 24 Avril, 2022.
Foto Achiv: Doja Cat pandan festival Mizik ak Ar Coachella a nan Indio, Kalifoni, 24 Avril, 2022.

Seremoni remiz pri BET yo ap reprann jodi Dimanch la ak yon spektak televize kote Doja Cat, Drake ak Ari Lennox taka ranpòte kèk twofe.

Doja Cat ranpote plis nominasyon pase tout lot atis yo - swa 6. Atis la ki gen yon pakèt chanson popilè gen 6 nominasyon - pami yo pi bon atis R&B feminen, pi bon atis Hip Hop feminen, albom ane a pou hit li a "Planet Her" epi pri BET Her la pou "Woman.

Chante "Kiss Me More" la ke li anrejistre ak SZA ranpote nominasyon pou videyo ane a ak pi bon kolaborasyon.

Aktris Taraji P. Henson pral anime spektak la an dirèk depi teyat Microsoft la nan Los Angeles.

Sean "Diddy Combs pral resevwa pri espesyal pou bel akonplisman pandan karyè mizikal li, ki se youn nan pi gran onè seremoni remiz pri a.

XS
SM
MD
LG