Accessibility links

Breaking News

Sondaj AP-NORC: Pi Fò Ameriken Vle pou Tout Vwayajè Mete Mask


Yon nouvo sondaj jwenn ke majorite Ameriken yo kontinye apiye egzijans pou tout moun kap vwayajè nan avyon ak lòt mwayen transpò piblik mete kach nen.

Se Associated Press ak NORC Sant Rechèch pou Zafè Piblik la ki reyalize sondaj la. Li jwenn ke 56% Ameriken apiye lide pou egzije moun kap vayaje nan avyon, tren ak lot transpò piblik mete kach nen.

Gen 24% Ameriken ki pa dako e 20% ki di yo pa gen okenn preferans.

Yo te fè entevyou pou sondaj la anvan yon jij nan eta Florid te ranvèse Lendi yon egzijans nasyonal ki mande pou moun mete kach nen nan avyon ak transpò piblik.

Konpayi ayeryen yo ak ayewopò yo te kite tonbe tou swit egzijans yo pou pasaje yo mete kach nen pou pwoteje tèt yo kont kowonaviris la.

XS
SM
MD
LG