Accessibility links

Breaking News

Sitwayen Peyi Otrich, Itali, Kwoasi Pran Lari pou Pwoteste Kont Restriksyon COVID-19 yo


Manifestan chante slogan e yo limen dife pandan yon manifestasyon kont mezi kowonaviris yo nan Vyen, kapital Otrich, Samdi 20 Nov. 2021.
Manifestan chante slogan e yo limen dife pandan yon manifestasyon kont mezi kowonaviris yo nan Vyen, kapital Otrich, Samdi 20 Nov. 2021.

Dè dizèn milye manifestan - anpil nan yo te manm gwoup ekstrèm dwat yo - pran lari Vyèn, kapital peyi Otrich apre gouvènman an anonse restriksyon nasyonal pou anpeche pandemi kowonaviris la pwopaje pi plis.

Manifestasyon kont règ COVID-19 yo te dewoule tou nan La Swis, Kwoasi, Itali, Irland di Nò ak Peyi Ba Samdi 20 Novanm.

Moun pran lari nan La Oland apre lapolis te louvri zam sou manifestan yo. Gen 7 moun ki blese nan emet ki fèt nan Rotterdam Vandredi swa.

Manifestan yo pwoteste kont restriksyon COVID-19 yo ak lese pase mandatwa ki nesesè nan anpil peyi Euwopeyen pou antre nan restoran. Mache ki vann bagay pou fèt nwèl la ak evenman spòtif yo egzije non sèlman lese pase a men tou prèv vaksinasyon kont kowonaviris la.

XS
SM
MD
LG