Accessibility links

Breaking News

Pfizer Siyen Yon Akò K ap Pèmet yon Gwoup Sante Piblik Mondyal Repwodui Konprime COVID-19 li


FILE: The Pfizer logo is displayed at the company's headquarters in New York, on Feb. 5, 2021.
FILE: The Pfizer logo is displayed at the company's headquarters in New York, on Feb. 5, 2021.

Konpayi famasetik Ameriken Pfizer siyen yon akò ak yon gwoup sante piblik mondyal ki jwenn sipò Nasyonzini, pou pwodui konprime eksperimantal COVID-19 Pfizer pou 95 peyi.

Konpayi Ameriken an te di Madi li te siyen yon kontra ki baze sou repwodiksyon konprime COVID-19 li yo pou peyi sou devlope yo.

Pfizer te di ke Konprime sa redwi risk pou entène lopital ak lanmò pa prèske 90% nan moun ki gen ka kowonaviris modere yo. Ekspè endepandan yo te rekòmande mete fen nan etid Pfizer a akòz bon rezilta yo jwenn apre rechech yo.

XS
SM
MD
LG