Accessibility links

Breaking News

Konseye Medikal Etazini yo Apiye Lide Vaksen 'Booster' Kont COVID Pou Tout Adilt


Yon piki Pfizer kont COVID-19. 14 Sept. 2021.
Yon piki Pfizer kont COVID-19. 14 Sept. 2021.

Etazini ap pran mezi pou pemet tout adilt pran vaksen "booster" (siplemante) kont maladi COVID-19 la. Yo ka chwazi ant yon doz adisyonel de swa vaksen Pfizer oubyen Moderna a.

Responsab ki kontwole medikaman kap vann nan peyi a bay konsantman yo pou plis moun pran vaksen an Vandredi, nan yon jefo pou senplifye sak te konfonn moun pa rapo ak kiyes ki elijib ak kiyes ki pa elijib.

Sepandan Sant Kontwol ak Prevansyon Maladi a, CDC, gen pou'l dako tou, anvan plizye dizen milyon lot Ameriken kalifye pou vaksen sa a. Konseye syantifik ajans la deja vote an fave desizyon an.

Gouvenman Ameriken an ap eseye pran devan nan moman ka kowonaviris yo taka rekomanse ogmante pandan sezon ive a epi nan moman kote anpil moun ap pran wout pou y'al nan lot eta ak peyi etranje pandan sezon vakans fet yo.

XS
SM
MD
LG