Accessibility links

Breaking News

Shakira ak Vedèt Foutbòl Gerard Pique Konfime yo Pa Ansanm Ankò


Foto Achiv: Chantez Kolonbyenn Shakira - a dwat - ak jwe FC Barselonn Gerard Pique poze pou yon foto 20 Mas, 2014.
Foto Achiv: Chantez Kolonbyenn Shakira - a dwat - ak jwe FC Barselonn Gerard Pique poze pou yon foto 20 Mas, 2014.

Vedèt pòp Shakira ak patnè li, vedèt foutbòl Gerard Piqué kase.

Konpayi relasyon piblik Shakira a site pawòl koup la ki di "nou regrèt enfòme'w ke nap separe. Pou byenèt timoun nou yo ki se pi gwo priyorite nou, nou mande'w respekte vi prive nou. Mèsi pou konpreyansyon nou."

Shakira gen 45 an e li te rankontre jwè ekip Barselonn nan pandan li tap fè pwomosyon pou chante li te konpoze pou mondyal 2010 la "Waka Waka - Lè pou Afrik".

Koup la gen 2 timoun. Bwi tap kouri sou degradasyon relasyon koup la ki ansanm depi 11 zan nan laprès Espayòl.

Gen nouvèl ki di kòm kwa Piqué, ki gen 35 an te kite kay koup la genyen nan Barselonn e li tap viv poukont li nan vil la.

XS
SM
MD
LG