Accessibility links

Breaking News

Samir Handal Tounen Ozetazini, Dapre Kabinè Avoka Greenberg Traurig


Otorite La Tiki te arete Samir Handal pandan yon eskal avyon li te fe nan Istanboul.
Otorite La Tiki te arete Samir Handal pandan yon eskal avyon li te fe nan Istanboul.

Kabinè avoka Greenberg Traurig ki gen biwo nan Washington ak Miami anonse Vandredi 5 Out ke li fè La Tiki lage Samir Handal epi voye'l tounen Ozetazini.

Handal se yon biznisman Ayisyen ak ajan imobilye ke la jistis Ayisyen akize kòm konplis nan asasina Prezidan Jovenel Moise. Handal demanti li gen anyen pou'l wè ak asasina a.

"Nou kontan ke eta de dwa a prezide e ke Samir ki inosan de akizasyon sa yo paka tonbe anba grif la jistis Ayisyèn," Pulecio-Boek, yon manm biwo kabinè avoka a nan Washington deklare. "Nap chache kounyea soulajman kont pati ki te chache enplike Samir nan krim orib sa a."

La Tiki te arete'l sou deman ansyen premye minis ak minis afè etranjè Ayisyen Claude Joseph, nan moman avyon li te fè eskal nan Istanboul nan wout pou'l al nan Palestin. Li te pran avyon nan Miami 15 Novanm 2021 pou'l al wè manman li nan Palestin, dapre nòt de près kabinè avoka li voye bay VOA Kreyòl. Yo di li te konprann li te lib pou'l fè vwayaj entènasyonal. Sepandan akoz Interpòl te gen yon alèt wouj pou li ki baze sou yon manda d'arè Polis Nasyonal Ayiti, La Tiki te arete'l.

Apre arestasyon an, Ayiti te voye dokiman bay La Tiki pou ekstrade Handal.

Se fanmi Handal ki te anplwaye kabinè avoka Greenberg Traurig pou travay ak avoka li nan La Tiki sou yon strateji pou fè yo lage li epi voye'l tounen Ozetazini.

Greenberg Traurig te konvenk Interpòl tou pou'l sispann Alet Wouj pou Handal la, ann atandan yo pran yon desizyon final sou anilasyon li. Avoka yo pote plent kont Ayiti tou devan Komisyon Dwa Moun Entè-Ameriken an.

Met sou sa, ekip la te vwayaje La Tiki ak Ayiti pou chache prèv pou montre Handal inosan. Avoka yo di se prèv sa a yo ke te sevi pou defann Handal kont ekstradisyon ann Ayiti epi pou mande Interpol anile Alèt Wouj la.

5 Jiyè 2022, avoka yo te konvenk jij Tik la pou'l pa ekstrade Handal ann Ayiti. Akoz de sa, Handal te jwenn rasirans li te ka vwayaje an sekirite Ozetazini.

Greenbert Traurig se yon kabinè ki gen plis pase 600 avoka kap travay pou li Ozetazini, dapre yon nòt de pres yo voye bay VOA Kreyòl. Met sou Lezetazini, yo gen avoka tou nan 43 peyi ann Ewòp, Amerik Latin, Azi ak Mwayen Oryan an.

XS
SM
MD
LG