Accessibility links

Breaking News

Sèvo Dèyè Al-Qaida, Ayman Al-Zawahri Mouri a Laj 71 an


Foto Achiv: Ayman al-Zawahri, a goch ak Osama bin Laden, 19 Mas, 2004.
Foto Achiv: Ayman al-Zawahri, a goch ak Osama bin Laden, 19 Mas, 2004.

Ayman al-Zawahri, yon chirijyen Ejipsyen ki te tounen sèvo jihad kont l'Oksidan an e ki te pran tèt gwoup teworis la apre lanmo Osama bin Laden nan yon atak Ameriken, mouri. Li te gen 71 zan.

Sanble lanmo al-Zawahri a pral debouche sou anpil dezod nan mitan oganizasyon an - konparativman ak sak te pase apre lanmo bin Laden nan mwad Me 2011. Poukisa? Paske li mwen klè kiyès ki siksesè misye nan tèt rezo teworis la.

Al-Zawahri, plis pase okenn lot moun, te fome al-Qaida, pou komanse kom adjwen bin Laden an 1998, epi apre sa kom siksesè li.

Gen 5 moun ki byen ranseye sou kestyon an ki di Associated Press ke yon drone CIA a touye al-Zawahri pandan wikèn nan nan peyi Afghanistan.

Yo te pale ak AP sou kondisyon pou yo pa site non yo, pou yo te ka lib pou diskite sou sa yo konnen.

XS
SM
MD
LG