Renald Luberice, Konseye Jeneral Konsèy dè minis Palè Nasyonal kritike anpil desizyon plizyè gwoup nan opozisyon pran atravè yon fon komen pou ta ranplase Prezidan Jovenel Moise sou pouvwa apre chèf leta a ta fin remèt demisyon l.
Opozisyon an pa vle chita pale ak Prezidan Jovenel Moise ki dapre yo pèdi lejimite popilè e pa kenbe pwomès li te fè pèp la pandan kanpay elektoral li. Sepandan Konseye Jeneral Konsèy dè minis, Renald Luberice reyafime pozisyon Prezidan Moise ki fè konnen se nan eleksyon pou yon moun pran pouvwa a.
Mesye Luberice te reponn kesyon Lavwadlamerik nan mikwo Jean Robert Philippe. Klike sou lyen odyo a pou plis detay.