Accessibility links

Breaking News

Sendika Travayè yo Di Ogmantasyon Leta Mete sou Salè Ouvriye yo Pa Reponn ak Kou Lavi a


Ouvriye ayisyen kap travay nan yon faktori nan Site Solèy. Foto achiv: 2 oktòb 2009.
Ouvriye ayisyen kap travay nan yon faktori nan Site Solèy. Foto achiv: 2 oktòb 2009.

Gouvènman demisyonè ayisyen an pibliye yon arete 31 oktòb 2019 la pou l ogmante salè minimòm nan ant 250 goud a 550 goud par jou. Militan k ap defann travayè yo di ogmantasyon pa pran an konsiderasyon ogmantasyon kou lavi a.

Militan yo mande 1500 goud pa jou. Mezi sa a antre an aplikasyon 1 Novanm 2019 la. Chanm depite a te vote yon rezolisyon pou mande yon ogmantasyon salè kotidyen ant 335 a 800 goud. Rezolisyon sa a devan sena a depi fen mas 2019.

Sendikalis Dominique Sainteloi, k ap dirije santral nasyonal ouvriye ayisyen (CNOA) fè konnen, ti ogmantasyon administrasyon Jovenel Moise la mete pou moun kap travay nan faktori yo, pa kanpe sou anyen.

XS
SM
MD
LG