Accessibility links

Breaking News

Prezidan Jovenel Moise Resevwa nan Palè Nasyonal Kòmandan SOUTHCOM, l Amiral Craig Faller


Prezdian Jovenel Moise agoch, nan Palè Nasyonal ak Kòmandan SOUTHCOM, l'amiral Craig Faller, adwat. Foto: 8 novanm 2019.
Prezdian Jovenel Moise agoch, nan Palè Nasyonal ak Kòmandan SOUTHCOM, l'amiral Craig Faller, adwat. Foto: 8 novanm 2019.

Ayiti: Prezdian Jovenel Moise resevwa nan Palè Nasyonal Kòmandan SOUTHCOM, l'amiral Craig Faller ak Anbasadè ameriken an Michèle Sison. Amiral Craig Faller, rive ann Ayiti jedi 7 novanm 2019 la nan moman bato lopital militè ameriken USNS Comfort ap bay yon asistans medikal nan peyi a.

Plizyè 100tèm pasyan ayisyen deja resevwa swen sante ka yo merite nan men doktè ak enfimyè militè ameriken yo ki monte tant travay yo nan lokal Gad Kot la nan Bizoton. Anbasadè Sison byen kontan wè travay pèsonèl USNS Comfort yo nan kad sa a. Pami manm ekipaj bato lopital militè a kap bay swen yo, plizyè nan yo se ayisyen-ameriken manm lame amerikèn ki nan dyaspora ayisyen an Ozetazini dapre madam Sison ki te pale nan mikwo Korespondan Lavwadlamerik nan Pòtoprens Matiado Vilmé.

Prezdian Jovenel Moise resevwa nan Palè Nasyonal Kòmandan SOUTHCOM, l'amiral Craig Faller ak Anbasadè ameriken an Michèle Sison.
Prezdian Jovenel Moise resevwa nan Palè Nasyonal Kòmandan SOUTHCOM, l'amiral Craig Faller ak Anbasadè ameriken an Michèle Sison.

Nan yo mesaj sou kont Twitter l, Prezidan Moise di li pwofite de rankont sa a pou remèsye gouvènman ameriken an pou soutyen medikal lap bay pèp aysiyen an.

Nan moman Prezidan Jovenel Moise ap resevwa delegasyon amerikèn nan, plizyè pati nan opozisyn politik la reyini nan yon otèl nan Pòtoprens nan objektif pou fòme yon fon komen pou dirije peyi a apre demisyon Prezidan Jovenel Moise sou pouvwa a. Sepandan, jedi 7 novanm nan yon rankont nan Palè Nasyonal, Prezidan Moise fè konnen pouvwa pèp la ba li a nan eleksyon se nan eleksyon pou yon moun pran l, se pa nan vyolans.

Yon lòt kote, aktivite yo reprann timidman nan kapital ayisyèn nan Pòtoprens kote popilasyon ap vakye ak okipasyon l san twò gwo difikilte.

XS
SM
MD
LG