Accessibility links

Breaking News

Pwotestasyon nan Lagrès kont Mezi Mare-Senti Ekonomik yo


Manifestasyon ki te fèt dimanch te pasifik an jeneral ; men yon gwoup jèn te voye wòch ak kout boutèy sou polisye anti emèt yo
Manifestasyon ki te fèt dimanch te pasifik an jeneral ; men yon gwoup jèn te voye wòch ak kout boutèy sou polisye anti emèt yo

Nan Lagrès, plizyè milye sitwayen ap pwoteste nan vil Atèn, kapital la, pou yo denonse dispozisyon gouvènman an pran pou l redui depans Leta ak salè anplwaye yo.

Manifestasyon sa yo ap dewoule nan moman otorite Inyon Ewòp la pare pou yo vote, lendi 20 fevriye 2012 la, sou yon nouvo plan sovtaj ekonomik pou peyi a ki kokobe anba dèt.

Manifestasyon ki te fèt dimanch te pasifik an jeneral ; men yon gwoup jèn te voye wòch ak kout boutèy sou polisye anti emèt yo. Lagrès ap fè fas ak fayit si li pa ka peye kreyansye li yo 19 milya dola dèt, lè echeyans la va rive mwa pwochen an.

XS
SM
MD
LG