Accessibility links

Breaking News

Inyon Ewòp la Deside Entèdi Acha Petwòl Iranyen an


Inyon Ewòp la deside entèdi acha petwòl iranyen an e li jele avwa bank santral iranyèn nan, nan kad efò peyi oksidantal yo ap fè pou yo fòse Teheran mete fen nan kèk pati pwogram nikleyèl la ki pwovoke pawòl anpil.

Minis afè etranjè peyi manm Inyon Ewòp la antann yo sou nouvo sanksyon yo nan yon rankont ki dewoule nan vil Brusèl, nan peyi Beljik.

Yo dakò pou yo kite eta manm ki deja genyen kontra pou yo achte petwòl iranyen an, respekte kontra sa yo rive jous nan dat premye jiyè pwochen.

Objektif peryòd de gras sa a se pèmèt peyi ki plis achte petwòl iranyen an -tankou Lagrès konsa- jwenn sous altènatif pou yo jwenn petwòl anvan sanksyon- yo antre an aplikasyon totalman.

XS
SM
MD
LG