Accessibility links

Breaking News

Lagrès: Gouvènman an Apiye Refòm Ekonomik Palman Grèk la


Lagrès: Gouvènman an Apiye Refòm Ekonomik Palman Grèk la
Lagrès: Gouvènman an Apiye Refòm Ekonomik Palman Grèk la

Lidè yon kowalisyon nan Lagrès pran angajman pou yo fè aplike yon seri mezi mare-senti peyi a fèk adopte; men gouvènman an pa mete dlo nan bouch li pou l di genyen kèk peyi vwazen ki ta renmen wè Lagrès kite zòn «ewo » a ki genyen 17 manm.

Lidè pati sosyalis la, George Papandreou, ak ansyen premye-minis e lidè pati konsèvatè a, Antonis Samaras, siyen yon lèt yo voye bay minis finans peyi manm Inyon an pou di yo apiye refòm ekonomik palman grèk la te vote nan wikenn pase , menm lè plizyè milye travayè pran lari nan vil Atèn pou di yo pa dakò ak refòm sa yo.

Sepandan, misye Samaras fè konnen otorite yo ta dwe modifye nouvèl politik ekonomik yo yon ti kras, pou ankouraje kwasans ekonomik nan Lagrès, yon peyi ki genyen 5 lane deja depi li plonje nan yon resesyon grav.

XS
SM
MD
LG