Accessibility links

Breaking News

Putin ak Xi Pral Rankontre Ankò nan Moman Gen Tansyon nan Relasyon yo ak l Oksidan


Foto Achiv: Prezidan Lachin Xi Jinping (a dwat) ak Prezidan Larisi Vladimir Putin pandan yon rankont nan Peken, 4 Fevriye 2022.
Foto Achiv: Prezidan Lachin Xi Jinping (a dwat) ak Prezidan Larisi Vladimir Putin pandan yon rankont nan Peken, 4 Fevriye 2022.

Prezidan Larisi a, Vladimir Putin, ak Prezidan Lachin nan, Xi Jinping, sipoze rankontre semèn pwochèn nan peyi Ouzbekistan pou somè ki ta ka vle di gen yon rechofman nan relasyon ant 2 grann pwisans sa yo, nan moman y ap defye l Oksidan.

Rankont la pral dewoule nan yon fowòm sou politik, ekonomi ak sekirite, fowòm ke Lachin ak Larisi pral dominen. L ap fèt nan yon moman ki delika pou tou le 2 lidè yo, e se ta dezyèm rankont fas-a-fas yo ane sa a.

Putin ap eseye jere konsekans ekonomik ak politik lagè li lanse nan Ikrèn nan ki lakoz Larisi kwense.

Xi, bò kote pa li, ap fè fas ak plis tansyon ant Peken ak l Oksidan akoz estati rapò ant Lachin avèk Taywann.

XS
SM
MD
LG