Accessibility links

Breaking News

Larisi Lanse Egzèsis Lagè ak Lachin nan Moman Tansyon ak Etazini Ogmante


Nan foto sa a ke Ministe Defans Larisi distribye bay lapres, twoup Lachin mache pandan egzesis milite Vostok 2022 a, 31 Out, 2022.
Nan foto sa a ke Ministe Defans Larisi distribye bay lapres, twoup Lachin mache pandan egzesis milite Vostok 2022 a, 31 Out, 2022.

Larisi lanse yon semèn egzèsis militè ki gen patisipasyon Lachin ak lot nasyon. Se yon demonstrasyon kowoperasyon nan domèn defans la ki ogmante ant Moskou ak Peken nan moman yo tou le 2 ap fè fas ak tansyon ak Etazini.

Manèv yo gen kom bi tou pou montre Moskou gen kapasite sifizan pou òganize yon kokenn chen egèsis, menm lè li gen twoup kap batay nan Ikrèn.

Ministè Defans Larisi di Egèsis li rele Vostok 2022 (Oriyan 2022) ap dire jiska 7 Septanm. Yo pral tire nan 7 pis kote yo konn fè fòmasyon ak antrenman nan Ekstèm Oryan Larisi epi Lanmè Japon an.

Plis pase 50,000 twoup e plis pase 5,000 inite zam - ladann gen 140 avyon ak 60 bato lagè ap patisipe nan egèsis sa yo.

XS
SM
MD
LG