Accessibility links

Breaking News

Lakwa Wouj,Deklare, Si Lagè Ikrèn nan Dire, Li Ka Gen Konsekans Grav nan Lemond


Un soldado ruso protege la ocupación de un nuevo edificio de apartamentos que se construye con el apoyo del Ministerio de Defensa de Rusia, en Mariúpol, en el territorio que está bajo el control del Gobierno de la República Popular de Donetsk, en el este
Un soldado ruso protege la ocupación de un nuevo edificio de apartamentos que se construye con el apoyo del Ministerio de Defensa de Rusia, en Mariúpol, en el territorio que está bajo el control del Gobierno de la República Popular de Donetsk, en el este

Jenèv.- Federasyon Entènasyonal Kwa Wouj ak Sosyete Kwasan Wouj lanse avètisman semèn sa a pou yo di lagè k ap pwolonje nan Ikrèn nan pral genyen move konsekans grav sou lòt kriz ki poze nan lemond. Moun kòmanse santi efè segondè devastatè envazyon lame ris la nan Ikrèn 6 mwa apre Larisi te fè envasyon an.

Otorite yo nan Federeasyon Entènasyonal Kwa Wouj lanse avètisman pou yo di enpak ekonomik sou plizyè milyon moun k ap viv nan mizè toupatou nan lemond pral vin pi mal ofi-e-a-mezi lagè a kontinye dire.

Ikrèn te reprezante youn nan pi gwo ekspòtatè sereyal (mayi ak ble) nan lemond anvan lagè a. Sepandan, le fèt ke Larisi te bloke pò ki bay sou Lanmè Nwa a, sa te anpeche kagezon sereyal yo pran lanme, sa ki te vin pwwovoke yon kriz manje mondyal. Ogmantasyon a-pik pri manje ak gaz te vin fè moun pa t ka achte pwovizyon sa yo ak lòt ankò, sa ki te plonje plizyè milyon moun nan yon grangou grav.

Pi bonè mwa sa a, yon antant 2 pati yo te jwenn avèk Nasyon-Zini kòm medyatè, te pèmèt Ikrèn rekòmanse ekspòte sereyal. Sepandan, Lakwa Wouj fè konnen moun kontinye santi konsekans lagè a e sa pral pran lontan ankò pou move efè sa yo vin pase nèt.

Brigitte Ebbensen se direktè rejyonal Federasyon Entènasyonal Kwa Wouj ak Sosyete Kwasan Wouj pou Lewòp. Li deklare bezwen imanitè yo rete byen grav, espesyalman nan Mwayen Oryan an ak ann Afrik. Li fè konnen:

“Kriz manje a ann Afrik se yon bagay ki te deja pwovoke reyaksyon nou nan Federasyon Entènasyonal Kwa Wouj (FEKR) e nou fikse atansyon nou sou Mwayen Oryan an. L ap vin pi difisil chak jou pou moun achte manje lakay yon bon pati nan popilasyon mondyal la. Alòs, efè a lon tèm yo se yon bagay ki tèrib.”

XS
SM
MD
LG