Accessibility links

Breaking News

Putin: 'Operasyon Militè Ikrèn nan Ranfòse Dwa Larisi pou l Granmoun Tèt li'


Russian President Vladimir Putin meets with Armenian Prime Minister Nikol Pashinyan in Vladivostok
Russian President Vladimir Putin meets with Armenian Prime Minister Nikol Pashinyan in Vladivostok

Prezidan ris la, Vladimir Putin, di Mèkredi peyi li pa pèdi anyen nan operasyon militè li nan Ikrèn nan e ke operasyon sa a ranfòse dwa LaRisi kòm granmoun lakay li.

Putin t ap pale nan yon womble ekonomik, kote li di objektif tout aksyon LaRisi « se pou ede pèp Donbas la. »

Li di: « Sa ka rive ranfòse pouvwa nou andan peyi nou ak politik afè etranjè LaRisi. »

LaRisi te anvayi Ikrèn nan finisman mwa Fevriye. Apre li te abandone yon efò pou l te mache pran kapital la, Kyèv, li te santre operasyon militè l yo nan rejyon Donbas la, nan lès Ikrèn, kote konbatan anfavè LaRisi yo t ap goumen ak fòs militè Ikrèn yo depi 2014.

Putin kritike tou yon akò ki te fèt anba lobedyans Nasyon Zini ak Turki, ki pèmèt Ikrèn rekòmanse ekspedisyon sereyal li yo pandan gen yon kriz manje mondyal, e li di ekspòtasyon yo pa pran wout peyi ki pi pòv yo.

XS
SM
MD
LG