Accessibility links

Breaking News

Ajans Entènasyonal Enèji Atomik la Gen “Gwo Kèsote” Konsènan Izin Nikleyè Zaporizhzhia nan Ikrèn


Direkte Jeneral Ajans Eneji Atomik Entenasyonal la, IAEA, Rafael Mariano Grossi (a dwat) kite yon otel nan kad yon misyon pou vizite santral nikleye Zaporizhzhia a nan Ikren.
Direkte Jeneral Ajans Eneji Atomik Entenasyonal la, IAEA, Rafael Mariano Grossi (a dwat) kite yon otel nan kad yon misyon pou vizite santral nikleye Zaporizhzhia a nan Ikren.

Ajans Entènasyonal Enèji Atomik la (AEEA) fè konnen, madi, li toujou “gen gwo kèsote” konsènan sekirite pi gwo izin nikleyè ki egziste ann Ewòp la, swa enstalasyon Zaporizhzhia a ki sitiye nan mitan konba ak gwo kout zam lou k ap dewoule ant fòs militè ikrenyen ak sòlda Larisi nan pati sid Ikrèn.

Nan yon rapò AEEA pibliye apre direktè jeneral ajans la, Rafael Grossi, avèk yon ekip enspektè te vizite izin nan semèn pase a –menm pandan echanj kout-zam t ap fè raj tou pre izin nan—ajans la di: “Sitiyasyon aktyèl la ensipòtab; e pi bon aksyon ki ta kapab garanti sekirite enstalasyon nikleyè yo nan Ikrèn ak sekirite pèp ikrenyen an, se pou konfli ame a ta pran fen.”

AEEA fè konnen li jwenn gwo dega nan izin nan; men li pa di ki pati ki responsab. Larisi (fòs militè li pran kontwòl izin nan depi nan kòmansman envazyon an) avèk Ikrèn (se enjenyè li k ap opere izin nan), yo chak lanse akizasyon pou di se lòt la k ap bonbade enstalasyon an.

Enspektè AEEA yo di yo jwenn sòlda ak ekipman militè ris anndan izin nan; pami yo gen machin militè ki pake touprè tibin yo.

XS
SM
MD
LG