Accessibility links

Breaking News

Grossi: 6 Ekspè nou ap Rete Ikrèn

International Atomic Energy Agency Director General Rafael Mariano Grossi speaks at a news conference at Vienna Airport after his return from his mission at the nuclear power plant of Zaporizhzhia in Ukraine, Sept. 2, 2022.

Chèf IAEA, Rafael Grossi, retounen Otrich apre vizit li te fè nan Zaporizhia, Ikrèn.

Grossi fè konnen ke "6 nan ekspè ajans lan ap rete (nan Ikrèn), yo pral kontinye travay ke yo te kòmanse nan santral la ," li te fè deklarasyon sa yo bay laprès lè li rive nan ayewopò Vyèn nan.

E li kontinye pou li reponn kèk kritik li te jwenn, li te deklare ke "Lè sa nan avantaj nou, yo fè lwanj nou, men lè yo pa nan avantaj yo, yo di ke yo manipile nou."

Li kontinye pou l di "yo pap manipile nou, nou konnen koman pou nou fè travy nou, e nan kou nou koute avèk respè tout sa ki ap di yo, men nou rete konsantre sou sa nou dwe fè".

Vandredi Prezidan Ikrenyen an nan yon diskou te kritike rezilta premye vizit misyon IAEA a nan santral nikleyè Zaporizhzhia a.

XS
SM
MD
LG