Accessibility links

Breaking News

Se Anba Gwo Kout Zam ki Tap Chante Enspektè Ajans Enèji Nikleyè Rive nan Izin Zaporizhzhia


In this handout photo taken from video released by Russian Defense Ministry Press Service Sept. 2, 2022, members of International Atomic Energy Agency (IAEA) walk while inspecting the Zaporizhzhia Nuclear Power Plant in Enerhodar, southeastern Ukraine, Se
In this handout photo taken from video released by Russian Defense Ministry Press Service Sept. 2, 2022, members of International Atomic Energy Agency (IAEA) walk while inspecting the Zaporizhzhia Nuclear Power Plant in Enerhodar, southeastern Ukraine, Se

Se anba gwo kout mòtye ant solda ris e Ikrenyen enspektè ekip Ajans Enèji Nikleyè entènasyonal-la kòmanse 2e jounen evalyasyon yo a santral nikle Zaporizya a ann Ikren jodi vandredi-a .

Konsta premye jounen -an revele vyolasyon entegrite fizik santral la. Ministè Defans brinatik la konfime bonbadman ki fèt nan sid peyi-a toupre izin-nan ki anba kontwol Larisi .

Prezidan ikrenyen a-n Volodimyr Zelenski, nan yon diskou ye swa pale de premye jounen an. "Ikrèn fè tout sak posib pou misyon sa ka fèt, men li terib pou we kijan anvahisè yo ap eseye tranfòme misyon Ajans entènasyonal :Eneji Atomik la (AEEA) tankou yon vizit initil, . Mwen kwè sa pap rive . Li bon pou reprezantan AEEA yo kapab tire konklizyon ki objektiv konsènan risk ki lye ak santral nikleyè Zaporiz-zya a pou premye fwa nan listwa".

Yè jedi-a , Direktè jeneral Ajans entènasyonal :Eneji Atomik la Rafael Grossi, nan tèt gwoup 14 enspektè te pale ak laprès…

Li te deklare "Mwen fini ak premye vizit nan zon kle ke nou te vle wè yo . Evidanman gen anpil bagay ki pou fèt , e ekip mwen an ap rete sou plas".

Grossi deklare li kontinye gen anpil kè sote pou izin nan akò.

Enspekte l’ONU-yo te rive sou sit la jedi a malgre tout gwo aktivite militè yo .

Atak yo te bloke youn nan reyaktè yo anvan enspektè yo te rive , men mesye Grossi di yo pap kanpe nan wout . Larusi kritike Ukren dèske li ta responsab pou plizye atak ki fet nan zon santral sitou nan Ener-godar, yon vil vwazin.

XS
SM
MD
LG