Accessibility links

Breaking News

Pulisic Kapab Jwe nan Match Etazini kont La Oland nan


Christian Pulisic, vedet ekip Etazini an pandan yon konferans pou lapres nan Doha, Qatar, Jedi 1 Desanm, 2022.
Christian Pulisic, vedet ekip Etazini an pandan yon konferans pou lapres nan Doha, Qatar, Jedi 1 Desanm, 2022.

Christian Pulisic resevwa fe vèt pou l jwe nan match seleksyon naysonal Etazini an kont La Oland nan faz eliminatwa a. Match la pral dewoule Samdi 3 Desanm.

Federasyon Foutbòl Etazini an di Ameriken an gen konsantman responsab yo pou l jwe.

Pulisic te kite teren an Madi pandan match final gwoup la kont Iran apre premye mitan an. Misye te resevwa yon chòk nan bazen li apre li te fè kolizyon ak gadyen Iranyen an apre li te make yon gòl nan 38èm minit la.

Ameriken yo ranpòte match la 1-0 pou avanse nan tounwa a. Pulisic te al lopital pou resevwa swen epi li te retounen apre sa nan otèl ekip la pou fete viktwa a ak ekip la.

XS
SM
MD
LG