Accessibility links

Breaking News

Pri Petwòl la Ogmante 17 Wote nan Moman Etazini ak Alye yo ap Diskite sou Nouvo Sanksyon


Pri gaz la nan ponp ki sitye nan vil Englewood, New Jersey, 7 Mas 2022.
Pri gaz la nan ponp ki sitye nan vil Englewood, New Jersey, 7 Mas 2022.

Pri petwòl kru a ogmante a $130 pa barik Lendi, ki se nivo pi wo li rive depi ane 2008.

Pandansetan, Etazini ap reflechi pou wè si li ta entèdi enpotasyon petwòl Ris la.

Etazini ak alye Ewopeyen li yo ap diskite sou yon entèdiksyon, dapre sa Sekretè Deta Ameriken an Antony Blinken di Dimanch. Gen komite kongrè Ameriken an kap pouse pou pi devan ak entèdiksyon pa yo.

Sou mache mondyal la, pri petwòl la ogmante plis pase 60 pousan depi komansman ane 2022 a.

Analis ki travay pou Bank of America di si yo koupe aksè ak pi fò pwodwi petwolye Ris yo, sa taka koze yon mank 5 milyon barik ou plis sou mache a. Kidonk pri barik la ta double de $100 dola a $200 dola.

La Risi se pi gwo ekspòtate pwodwi petwolye nan mond lan - swa 7 milya barik pa jou, ou 7% kantite ki disponib sou mache entènasyonal la.

Malgre ogmantasyon nan pri petwòl la, konpayi enèji Ameriken yo te redwi operasyon yo semèn pase a, sa ki te koze anpil kè sote.

Enfomasyon pou repotaj sa a soti nan Reuters

XS
SM
MD
LG