Accessibility links

Breaking News

Ikrèn: Almay Opoze ak yon Anbago sou Gaz ak Chabon Ris


CLIMATE-CHANGE/EU
CLIMATE-CHANGE/EU

Minis Finans ak Etranje Alman yo te pale Dimanch kont yon entèdiksyon sou enpòtasyon gaz, ak chabon ki soti nan peyi Larisi nan kad nouvo sanksyon ke peyi ki nan l'OTAN yo vle mete sou Mouskou pou envazyon li nan peyi Ikrèn.

"Nou dwe kapab kenbe (sanksyon yo) sou yon peryòd tan," Annalena Baerbock te eksplike sou chanel televizyon ARD. "Li pa itil si nan twa semèn nou dekouvri ke nou ap sèlman gen kouran pou kèk jou an Almay e ke nou dwe retounen sou desizyon nou te pran yo ."

Madam Baerbock te ajoute pandan yon entèvyou ak chèn ZDF "Nou prepare pou peye yon pri ekonomik trè, trè wo" men "si demen, an Almay oswa nan yon peyi an Ewòp, vin pa gen kouran, eske sa pral sispann lagè a". .

Minis la kontinye poul di "Si sanksyon sa yo ap mete yon fen nan lagè sa a, mwen ta pran yo imedyatman,"

Dapre chèf diplomasi Ameriken an Anthony Blinken, Etazini "ap diskite trè aktivman" posibilite pou entèdi enpòtasyon gaz Ris.

Minis Finans Alman an, Christian Lindner, te gen ensètitid tou.

Vandredi Minis Ekonomi Robert HabecYon te di entèdiksyon konsa sou enpòtasyon gaz nan men Larisi "ap menase lapè sosyal" an Almay.

Almay enpòte 55% nan gaz li yo nan men Larisi, 42%chabon.

Bèlen di se pa sèl peyi nan Inyon Ewopeyèn an ki ezite mete anbago sou konbistib fosil ki soti nan Larisi.

Nouvo sanksyon G7 kont Larisi yo ta dwe kounye a sitou "afekte oligark yo" ki "te benefisye de Putin", Minis Finans lan di nan yon entèvyou ak chanèl ARD.

Peyi G7 yo te anonse nan vandredi entansyon yo pou enpoze "nouvo sanksyon grav" kont Moskou, " pou reponn ak agresyon Ris" kont vwazen li Ikrèn.

Jedi, Etazini ak Wayòm Ini a mete lis nwa tou nouvo oligark ki pwoch Kremlin an, ki deja vize pa Inyon Ewopeyèn lan.

XS
SM
MD
LG