Accessibility links

Breaking News

Otorite Salvadoryèn yo Di Se Fòt you Si Sitwayen yo Ap Kouri Kite Peyi a


FILE - A group of Salvadoran deportees arrive at La Chacra Immigration Center in San Salvador, El Salvador, June 28, 2018.
FILE - A group of Salvadoran deportees arrive at La Chacra Immigration Center in San Salvador, El Salvador, June 28, 2018.

Prezidan peyi Salvadò a, ki tap pale dimanch 30 jen 2019 la, deklare :"Moun pa kouri kite kay yo paske yo vle; moun kite kay yo paske yo santi yo oblije pati."

Misye Boukele ki t ap pale devan laprès nan vil San Salvadò, ajoute lanmò yon papa ak yon pitit fi li ki t ap eseye antre Ozetazini, se yon trajedi. Foto ki montre kadav 2 imigran yo fas anba nan flèv Rio Grande a, ant vil Matamoros, o Meksik, ak Brownsville, nan Eta Tegzas - foto kote moun ka wè ti pitit 2 zan an kwaze bra li alantou kou papa li ebyen, foto sa a atire atansyon moun atravè lemond antye.

XS
SM
MD
LG