Accessibility links

Breaking News

Prezidan Ameriken an Donald Trump Konplete yon Vizit 4 Jou Li Tap Fè o Japon


Prezian ameiken an Donald Trump (agoch) ak premye minis japonè a (Shinzo Abe)
Prezian ameiken an Donald Trump (agoch) ak premye minis japonè a (Shinzo Abe)

Ranfòse kowoperasyon militè ant Lezetazini ak Japon fas ak yon Chin kap vale teren, te nan kalandriye diskisyon yo pandan vizit deta 4 jou Prezidan Donald Trump sot fè o Japon.

Premye minis japonè a, Shinzo Abe resevwa Mesye Trump abò youn nan bato transpò elikoptè avan li mete fen nan vvwayaj 4 jou kote yo disikite kesyon ki gen rapò ak relasyon komèsyal ant 2 peyi yo epi dosye pwogram nikleyè Nò Koreyen an.

Bato sa a pral konvèti pou l tounen yon bato kote avyon konba Supersonic Stealth Jet F-35 ap kapab desann e monte vètikalman. 2 lidè yo pa mansyone la Chin pa non nan deklarasyon yo fè yo, men sousi pou pozisyon militè Peken pran nan Pasifik la te evidan.

XS
SM
MD
LG