Accessibility links

Breaking News

Memorial Day Ozetazini Se Jou Ameriken Onore Militè yo Ki Mouri nan Lagè


Nan simityè Nasyonal Arlington nan, sitwayen yo depoze devan kavo sòlda ameriken ki mouri nan lagè, drapo an memwa sòlda yo. Virjini 24 me 2019, kèk jou avan Memorial Day wikenn nan.
Nan simityè Nasyonal Arlington nan, sitwayen yo depoze devan kavo sòlda ameriken ki mouri nan lagè, drapo an memwa sòlda yo. Virjini 24 me 2019, kèk jou avan Memorial Day wikenn nan.

Lendi 27 me 2019 la se yon jou ferye Ozetazini. Ameriken yo ap onore memwa sòlda ki tonbe sou chand batay, sila yo ki bay lavi yo pou libète moun ap jwi sou teritwa ameriken an. Yo rele jou komemorasyon an, Memorial Day.

Avèk Prezidan Ameriken Donald Trump kap fè yon vizit o Japon, Vis Prezidan Mike Pence te prezide seremoni tradisyonèl Memorial Day la kote li te ap depoze yon kouwòn nan kavo sòlda ameriken ki antere nan Simityè Nasyonal Arlington nan ki sitiye tou pre kapital federal la, Washington.

Prezidan ameriken an Donald Trump ak premyè dam nan Melania Trump ki tap vizite simityè Nasyonal Arlington, kote plizyè sòlda ameriken ki pèdi lavi yo nan lagè antere. 23 me 2019.
Prezidan ameriken an Donald Trump ak premyè dam nan Melania Trump ki tap vizite simityè Nasyonal Arlington, kote plizyè sòlda ameriken ki pèdi lavi yo nan lagè antere. 23 me 2019.

Prezidan Trump, avan l retounen Washington pral adrese diskou Memorial Day li a ak twoup militè ameriken yo nan Yokosuka U.S. Naval Base, yon baz militè lame Etazini nan Tokyo, Japon. Baz Yokosuka a nan Tokyo te kreye sou baz mondyal patenarya ki genyen ant Japon ak Etazini.

Parad ak mizik memwaryal pral dewoule nan plizyè vil Ozetazini, jounen lendi 27 me a kote sitwayen yo pral sonje plizyè santèn milye manm lame amerikèn ki sakrifye vi yo pou libète peyi sa a ki egziste depi 243 zan.

Anviwon 1.1 milyon Ameriken mouri nan batay, men pi gwo kantite a se o 19èm syèk kote 500 mil sòlda te pèdi lavi yo nan gè sivil ant ameriken nan nò ak sid , yon batay pou te mete fen nan sistèm esklavajis la, batay lame Inyon nò a te ranpòte sou lòt kan an nan sid Etazini ki pat dakò a politik anti-esklavajis la. Yon lòt batay ki te pran lavi anpil sòlda ameriken se 2èm gè mondyal la kote anviwon 400 mil sòlda lame amerikèn te pèdi lavi yo.

Yo site plizyè kote Ozetazini ke Memorial Day te kòmanse. Ameriken yo te vini ak jou komemorasyon an apre fen gè sivil la an 1865. 30 me se jou yo te chwazi pou selebrasyon an ki te vin tounen yon jounen nasyonal ak yon jou ferye an 1971. E kounye a, yo selebre li chak dènye lendi mwa me chak ane.

XS
SM
MD
LG