Accessibility links

Breaking News

Etazini Ap Leve Sanksyon sou Do Ansyen Manm Sèvis Sekrè Venezuela a Manuel Figuera

Rankont Vis Prezidan ameriken an Mike Pence, adwad, ak prezidan pwovizwa Venezuela a ke Etazini ak plizyè lòt peyi ap soutni, Juan Guaido pandan yon rankont nan Bogota, peyi Kolonbi sou kriz Venezuela a. 25 fevriye 2019. (Foto: AP/Martin Mejia)

Vis-prezidan Mike Pence deklare Washington ap leve sanksyon kap peze sou do ansyen manm sèvis sekrè Venezuela a, Manuel Figuera ki abandone rejim Maduro a.

Misye Pence lanse avètisman bay 25 manm Kou Siprèm venezyelyen an pou l di yo kapab fè fas ak sanksyon. Misye Pence repete yon lòt avetisman administrasyon Trump la te deja lanse e ki di, "Tout opsyon sou tab la pou wete Prezidan Nicolas Maduro sou pouvwa a."

Vis prezidan Mike Pence konfime nouvèl ki fè konnen, nan mwa jen kap vini la a, Pentagòn nan (kidonk, Depatman Defans ameriken an) pral depeche bato lopital militè USS COMFORT nan rejyon an kote li pral rete pandan 5 mwa, pou l bay refijye venezyelyen yo ak lòt moun swen medikal.

XS
SM
MD
LG