Accessibility links

Breaking News

Venezuela: Lidè Opozisyon an, Juan Guaido, Anonse yon Aksyon "Kanpe Travay"


Lidè opozisyon Venezuela a, Juan Guaido pandan li tap pale ak sipòtè li yo, nan Karakas, Venzuela 1e me 2019.
Lidè opozisyon Venezuela a, Juan Guaido pandan li tap pale ak sipòtè li yo, nan Karakas, Venzuela 1e me 2019.

Nan Venezuela, prezidan pwovizwa a e lidè opozisyon an, Juan Guaido, anonse yon aksyon "kanpe travay" nan izin endistriyèl peyi a apati jounen jedi 2 me 2019 la, yon mouvman ki kapab debouche finalman sou yon grèv jeneral.

Grèv sa a se dènye estrateji Misye Guaido ap itilize nan efò lap fè pou l renvèse rejim konteste Prezidan Nicolas Maduro a kap fè fas ak yon mouvman leve kanpe popilè moun pa janm wè.

2 jou pwotestasyon youn apre lòt nan lari Karakas, kapital la debouche sou konfwontasyon vyolan ant patizan Juan Guaido yo ak lapolis Venezuela. Wo-grade militè lame a poko reponn apèl prezidan pwovizwa a lanse pou yo vire do bay Maduro.

Lendi ki te 30 avril 2019 la, gouvènman Maduro a te fè konen, “gen aktivite ki tap manniganse pou yon kou deta nan Karakas nan moman Juan Guado, opozisyon lidè a ki reklame tèt li prezidan pwovizwa peyi a, te nan lari ak plizyè twoup militè li di kap apiye efò pou ranvèse rejim Nicolas Maduro a.”

Sepandan, minis kominikasyon rejim Maduro a, Jorge Rodriguez, te monte sou kont Twitter li kote li di , “Nou ap demantle yon ti gwoup trèt nan mitan militè nou yo ki chwazi kan e pran pozisyon tou pre yon baz militè yon fason pou yo kapab monte yon kou deta. Nou an alèt mazimòm –byen erezman, fòs nasyonal Bolivaryèn nou an ak tout fyète e bravou yo rive dejwe kou deta a epi konsève lapè nan peyi a."

Mèkredi premye me 2019 la, Chef diplomasi amerikèn nan --ki tap pale avek rezo nouvèl Fox Business Network-- fè konnen:

“Aksyon militè o venezuela se yon bagay ki posib. Si se sa ki nesesè, se sa Lèzetazini pral fè.”

XS
SM
MD
LG