Accessibility links

Breaking News

Etazini Pare pou l Fè yon Entèvansyon Militè O Venezuela Si Sa Nesesè


Venezuela, Caracas, sipòtè lidè opozisyon an, Juan Guaido kap chante pawòl piman bouk kont prezidan konteste, Nicolas Maduro.
Venezuela, Caracas, sipòtè lidè opozisyon an, Juan Guaido kap chante pawòl piman bouk kont prezidan konteste, Nicolas Maduro.

Sekretè Deta ameriken an, Mike Pompeo, deklare jounen mèkredi 1 me 2019 la Lèzetazini pare pou l enteveni militèman nan Venezuela pou l mete fen nan sitiyasyon dezòd ak dezas kap devlope nan peyi sid ameriken an.

Chef diplomasi amerikèn nan --ki tap pale avek rezo nouvèl Fox Business Network-- fè konnen:

“Aksyon militè se yon bagay ki posib. Si se sa ki nesesè, se sa Lèzetazini pral fè.”

Sepandan, yon fwa ankò li di Lèzetazini ta pito yon tranzisyon pasifik pouvwa a kote leadership peyi a soti nan men prezidan sosyalis Nicolas Maduro pou l pase nan men Juan Guaido, prezidan Asanble Nasyonal la ki gen rekonesans Lèzetazini avèk plis pase 50 lòt peyi, kòm prezidan lejitim Venezuela.

Konseye sekirite nasyonal Mezon Blanch la, John Bolton --ki pale avèk chèn televizyon CNN e Fox News-- di Misye Pompeo kapab gen pou l pale ak minis afè etranjè Larisi a, Sergei Lavroff, sou apui Moskou kontinye bay rejim Maduro a kap fè fas ak gwo difikilte. Misye Pompeo di chèn televizyon yo, Maduro te pare pou l kite Venezuela yè madi 30 avril la pou l ale Kiba devan manifestasyon kap dewoule nan lari Karakas yo; men Larisi ta pran tèt li pou l rete batay kont apèl Juan Guaido lanse pou l mande lame pote-kole avèk li pou yo chavire rejim nan.

Maduro ak Misye Lavroff demanti pawòl kòmkwa prezidan venezuelyen an te gen plan pou l ale Kiba; Moskou fè konnen sa fè pati lagè enfomasyon Lèzetazini lanse pou l demoralize lame Venezuela a epi òganize yon koudeta.

XS
SM
MD
LG