Accessibility links

Breaking News

PM Zil Vyèj Britanik la Jwenn Libète sou Kosyon

Foto sa a ke Depatman Enfomasyon ak Relasyon Piblik gouvenman Zil Vyej Britanik yo pibliye montre Premye Minis Alturo Fahie. Fahie ak direkte po teritwa Karayib sa a te sipoze paret devan tribinal nan Miami Vandrei 29 Avril, 2022.

Yon jij federal nan Miami deside premye minis Zil Vyèj Britanik la kapab gen libète sou kosyon si li peye $500,000. La jistis Ameriken te arete Andrew Fahie pou trafik dwog pandan yon operasyon yo te mennen nan Sid Florid.

Desizyon jij federal Alicia Otazo-Reyes pran Mèkredi siprann anpil moun. Li rejte agiman pwokirè gouvènman an dèske Fahie tap chache kouri kite Etazini si yo lage'l ann atandan pwosè li pou trafik kokayin.

Olye de sa, jij la di misye ka rete Miami nan youn nan kay li lwe pou pitit fi li ki se etidyan inivèsite, si limenm ak fanmi li remèt bay tribinal la dokiman vwayaj yo e si premye minis la mete yon aparèy nan pye li ki va kite otorite yo konnen ki kote li ye. Jij la mande tou pou'l peye yon kosyon $500,000 (dola Ameriken).

XS
SM
MD
LG