Accessibility links

Breaking News

Plizyè Sektè Pote Solidarite yo Bay Radyo Kiskeya Ki Boule Rapyetè


Ensandi nan Radyo Tele Kiskeya
please wait

No media source currently available

0:00 0:02:29 0:00

Nan Pòtoprens, responsab Radyo Tele Kiskeya yo òganize yon jounen solidarite lendi 24 desanm 2018 pase a suit ak yon dife ki boule lokal radyo a nan dat 21 desanm 2018 la. Lokal radyo a ak tout dokiman achiv boule rapyetè akoz ponpye pat reponn atan pou ede eten dife a.

Association Nationale des Media Haitians, ANMH, nan yon nòt pou laprès eksprime senpati li ak responsan Radyo Tele Kiskeya yo, direktè jenereal la, Marvel Dandin ak Liliane Pierre-Paul apre ensandi vandredi 21 desanm nan ki boule lokal radyo a rapyetè.

ANMH di li regrèt reta sèvis ponpye Pòtoprens te pran pou li rive sou lye ensandi a. Asosyasyon jounalis la di li remake yon lòt fwa ankò, ke li ijan pou pou gen amelyorasyon nan sèvis lit kont ensandi nan peyi a e sitou nan zòn konsantre yo, sètadi andwa ki gen anpil moun ak kay.

Prezidan Repiblik la, Jovenel Moise manifeste senpati li tou bay responsab Radyo Tele Kiskeya a yo. Prezidan an di lirekonèt enpòtans laprès nan sosyete a ak wòl li jwe pou enfòme polilasyon an. Prezidan Moise fè konnen li te pale pèsonèlman ak DG Kiskeya a Marvel Dandin kote li te eksprime senpati gouvèman li an.

Sekretè Deta Kominikasyon adminstrasyon Moise/Céant an Eddy Jackson Alexis, bò kote pa l di li regèt anpil paske ponpye pat rive atan pou etenn dife a nan Radyo Tele Kiskeya. Mesye Alexis di li te an wo Delmas e sa te pran li sèlman 3 minit pou l rive sou lye ensandi a san li pat mete sirèn nan machin li.

Danio Siriak, pòt pawòl pati politik Pèp Kap Lite, OPL, kwè leta ayisyen dwe refòme pou evite jan de pwoblèm sa yo repete. Mesye Siriack di leta a efondre depi lontan.

Espesyalis nan domèn pwoteksyon sivil, Gael Painson repwoche leta ayisyen li di ki pa pran responsablite l nan ka sa yo. Mesye Painson kontinye pou l di si ponpye te rive 15 minit apre dife a, Radyo Tele Kiskeya pa tap detwi ditou.

Plizyè obsèvatè konstate feblès sèvis ensandi Pòtoprens genyen kote an plizyè fwa li pa rive eten dife ki eklate nan plizyè mache piblik nan kapital la pandan dènye ane yo ak mwa pase yo. Otorite yo nan Pòtoprens poko bay eksplikasyon sou vrè rezon ki ta lakoz reta ponpye a.

XS
SM
MD
LG