Accessibility links

Breaking News

Ayiti-Dife: Gouvènman an Pwomèt Machann yo Asistans Pandan Lapolis Ap Kontinye Ankèt la


Machann kap pote machandiz pou yo al vann toupre kote mache a te boule nan sant vil Pòtoprens. (Foto REUTERS/Andres Martinez Casares) 21 fevriye 2018.
Machann kap pote machandiz pou yo al vann toupre kote mache a te boule nan sant vil Pòtoprens. (Foto REUTERS/Andres Martinez Casares) 21 fevriye 2018.

Konsèy Siperyè Polis la CSPJ ki gen alatèt li Premye minis Jack Guy Lafontant, Direktè Jeneral Polis la, Michel-Ange Gédeon ak lòt otorite nan ministè lajistis reponn kesyon komisyon sekirite Sena a mékredi 21 fevriye 2018, sou dife ki eklate youn apre lòt nan 2 mache piblik, Hypolite ak Gerit ki nan mitan kapital ayisyèn nan, Pòtoprens.

Nan deklarasyon Premye Minis Lafontant fè devan senatè yo, li anonse acha nouvo kamyon pou ponpye ann Ayiti. Chèf gouvènman pwomèt tou asistans ak machann ki pèdi machandiz yo nan dife mache Hypolit ak Gerit yo.

DGPNH la, Michel-Ange Gédeon, bò kote pal di ankèt sou ensadi nan mache Hypolite la ap kontinye. Sepandan pou sa ki gen awè ak dife nan mache Gerit la, Mesye Gédeon di dife sa a pat yon zak kriminèl.

Alatè PNH la fè konnen sekirite mache piblik yo pa sou kont lapolis men pito sou kont Sekretèri Deta Sekirite Piblik.

XS
SM
MD
LG