Accessibility links

Breaking News

Ayiti: Dife Pran nan Mache Gerit; 2è Sesyon Lejislativ la Louvri


Foto mache mache Bwa ( marche du port ou gerit) ki nan kwa bosal, Pòtoprens, Ayiti
Foto mache mache Bwa ( marche du port ou gerit) ki nan kwa bosal, Pòtoprens, Ayiti

Yon dife eklate lenid swa 11 jen 2018 nan mache Bwa ( marche du port ou gerit) ki nan kwa bosal, banlye Pòtoprens. Mache sa a vann bwa pou konstriksyon, rad ak soulye izaje ak pwodui alimantè. Jiska maten 12 jen an sapè ponpye yo potko metrize dife a. Pèson pa konnen koz ak orijin ensandi a.

2èm sesyon ane lejislativ la louvri nan kabouyay apre yon group palmantè minorite te anpeche Premye Minis Jack Guy Lafontant prezante bilan gouvènman an. Chèf gouvènman an te renmèt dokiman an bay prezidan asanble nasyonal la senatè Joseph Lambert olye pou l te prezante bilan an devan asanble a. Palmantè sa yo ap pwoteste poutèt chèf gouvènman pa soumèt bay yo dosye 5 nouvo Minis pami yo minis kominikasyon ak kilti a Joseph Guyler C Delva.

XS
SM
MD
LG