Accessibility links

Breaking News

Nikaragwa Rale Kò li Soti nan l'OEA


Yon dam ap tann pou'l vote nan eleksyon jeneral peyi Nikaragwa, Dimanch 7 Nov. 2021.
Yon dam ap tann pou'l vote nan eleksyon jeneral peyi Nikaragwa, Dimanch 7 Nov. 2021.

Gouvènman Nikaragweyen an anonse Vandredi ke lap rale kò li soti nan Oganizasyon Eta Ameriken yo, l'OEA, òganizasyon emisferik ki reyini 34 peyi nan Amerik yo.

Minis Afè Etranje Nikaragwa a, Denis Moncada, deklare pandan yon konferans pou laprès ke peyi li ap rale kò li soti nan òganizasyon sa a akoz "aksyon enjeran li (OEA) poze yo".

Sepandan, soti peyi Amerik Santral sa a nan l'OEA pap osi rapid ke moun ta kwè.

Nikaragwa se pa premye peyi manm ki pran desizyon konsa. Prezidan Venezyela a, Nicolás Maduro,te akize sekretè jeneral l'OEA a, Luis Almagro dèske li abize pouvwa li pou solidarize'l ak opozisyon an. An 2017 gouvènman Maduro a te anonse lap soti nan l'OEA e an 2019 li te selebre ke desizyon sa a fòmalize.

San pèdi tan, Konsèy Pèmanan l'OEA a te rekonèt Gustavo Tarre kòm reprezantan Venezyela. Misye se yon alye lidè opozisyon Venezyelyen Juan Guaidó.

XS
SM
MD
LG