Accessibility links

Breaking News

Ayiti Louvri yon Konsila nan Sid Meksik pou Rezoud Pwoblèm Migrasyon an


USA-IMMIGRATION/MEXICO
USA-IMMIGRATION/MEXICO

Avek ogmantasyon migran ayisyen ki ap rive Meksik, Ayiti louvri yon konsila nan vil Tapachula sou fwontyè sid Meksiken an pou ede jere kriz migrasyon an.

Gouvènman Meksiken an di nan yon deklarasyon ke ouvèti konsila a toupre fwontyè Gwatemala a tonbe nan kad efò ki ap fèt ant gouvènman Meksik ak Ayiti a pou pran swen migran yo.

Ogmantasyon nan kantite imigran ayisyen kap travèse Meksik te ankouraje akoz pwoblèm ekonomik ki genyen an Ayiti, e pwoblèm politik apre asasina Prezidan Jovenel Moise nan mwad Jiyè a.

Jedi, yon karavàn anviwon 3,000 migran ak anpil ayisyen ladann te kite Tapachula pou pran direksyon fwontyè Etazini ak Meksik la.

XS
SM
MD
LG