Accessibility links

Breaking News

Chilyen ap Vote nan Eleksyon Prezidansyèl ki Chaje Zizani


Me relijez fe la ke pou vote nan eleksyon prezidansyel la nan vil Santiago, Chili, Dimanch 21 Nov. 2021.
Me relijez fe la ke pou vote nan eleksyon prezidansyel la nan vil Santiago, Chili, Dimanch 21 Nov. 2021.

Chilyen yo ap chwazi pwochen prezidan peyi a apre yon kanpay chaje ak zizani kote kandida prensipal yo te sèmante pou yo mennen peyi a nan yon nouvo direksyon.

Chili se peyi ki pi avanse ekonomikman nan Amerik di Sid la.

Yon neg depoze bilten ni nan yon biwo'd vot pandan eleksyon prezidansyel la nan vil Santiago, Chili, Dimanch 21 Nov. 2021.
Yon neg depoze bilten ni nan yon biwo'd vot pandan eleksyon prezidansyel la nan vil Santiago, Chili, Dimanch 21 Nov. 2021.

Sondaj ki fèt anvan eleksyon an toujou montre lidè manifestasyon etidyan yo Gabriel Boric ap mennen. Kandida ultra-konsevatè José Antonio Kast popilè tou.

Men obsevatè yo pa atann yo aske ni youn ni lot ranpòte ase vwa pou ba yo 50% vwa ki nesesè pou evite yon dezyem tou mwa pwochen an.

Kandida pati Repibliken a la prezidans, Jose Antonio Kast kite yon biwo'd vot apre li finn vote nan eleksyon prezidansyel la nan Santiago, Chili, Dimanch 21 Nov. 2021.
Kandida pati Repibliken a la prezidans, Jose Antonio Kast kite yon biwo'd vot apre li finn vote nan eleksyon prezidansyel la nan Santiago, Chili, Dimanch 21 Nov. 2021.


Kelkeswa moun ki genyen an, li pral pran pouvwa yon peyi kap fè fas ak kokenn chenn chanjman men ki pa si e sèten ki direksyon egzakteman lap pran nan lavni apre plizyè dizèn lane refom ki pat gen okenn konsekans pou pi fò sou kad ekonomik Jeneral Augusto Pinochet te enpoze lè'l tap dirije peyi a.

Men sa America Elige, yon gwoup ki veye eleksyon kap dewoule nan peyi Amerik yo bay kom rezilta pwoviwa eleksyon an. (5:30pm EDT) *Rezilta sa yo pa ofisyel.

XS
SM
MD
LG