Accessibility links

Breaking News

Nikaragwa Kouri Dèyè yon Jounal Poutèt li Rapòte Nouvèl sou Ekspilsyon Kèk Mè Relijez


Foto Achiv: Lapolis Nikaragwa pran potre ak Prezidan Daniel Ortega nan Masaya, Nikaragwa, Vandredi 13 Jiye 2018.
Foto Achiv: Lapolis Nikaragwa pran potre ak Prezidan Daniel Ortega nan Masaya, Nikaragwa, Vandredi 13 Jiye 2018.

Gouvènman Nikaragweyen an ap kouri dèyè youn pami sèl jounal ki te oze rapòte nouvèl ekspilsyon Misyonè Charite yo, ki se yon gwoup Mè Teresa te tabli.

Yon anplaye jounal endepandan La Prensa di yo mete 2 chofè li nan prizon e lapolis fè yon desant dèlye kay 2 jounalis.

Anplwaye a pale sou kondisyon pou yo pa site non li pou rezon sekirite. Jounalis yo te rè repòtaj sou ekspilsyon 18 mè relijez Misyonè Charite yo.

Nouvèl la tonbe nan moman Nikaragwa ap sere boulon prèske tout oganizasyon sivik ki pa alye ak gouvènman an.

XS
SM
MD
LG