Accessibility links

Breaking News

Lapolis nan Nikaragwa Pran Kontwòl Biwo Lakomin nan 5 Minisipalite


NICARAGUA-POLITICS-CRISIS-ARRESTS-CHAMORRO
NICARAGUA-POLITICS-CRISIS-ARRESTS-CHAMORRO

Lapolis nan Nikaragwa pran kontwòl biwo lakomin nan 5 minisipalite ki te anba men yon pati opozisyon, 4 mwa anvan eleksyon ki pwal dewoule pou ranplase dirijan yo.

Kitty Monterrey, prezidan gwoup Sitwayen pou Libète, yon pati politik ke gouvènman Nikaragwa a te deklare ilegal anvan eleksyon prezidansyèl ane pase a, konfime ke lapolis te okipe lakomin nan San Sebastian de Yali, El Cua, Murra ak El Almendro. Oscar Gadea Tinoco, majistra bouk Pantasma, ki se tou manm Sitwayen pou Libète, li menm tou fè konnen lapolis te okipe bouk li a samdi-a.

Sitwayen pou Libète te ranpòte eleksyon pou chak nan minisipalite sa yo nan eleksyon 2017 yo. Men pandan eleksyon prezidansyèl ta pwal dewoule ane pase, Prezidan Daniel Ortega pa te moutre anpil tolerans pou opozisyon an.

XS
SM
MD
LG