Accessibility links

Breaking News

Tanpèt Twopikal Bonnie Frape Kòt Karayibeyen Nikaragwa


Yon gason monte bisiklet nan lapli Tanpet Twopikal Bonnie nan Bluefields, Nikaragwa, Vandredi 1 Jiye, 2022.
Yon gason monte bisiklet nan lapli Tanpet Twopikal Bonnie nan Bluefields, Nikaragwa, Vandredi 1 Jiye, 2022.

Tanpèt Twopikal Bonnie frape kòt Karayibeyen peyi Nikaragwa tou pre frontyè Kosta Rika.

Ekspè sou Tan yo atann yo aske Bonnie pase rapidman sou Amerik Santral la epi tounen yon ouragan apre li re-parèt nan oseyan Pasifik la.

Sant Nasyonal Meteyowoloji Etazini an di Bonnie pral koze anpil inondasyon. Li te pote avè'l van kap soufle ak yon vitès 80 kilomèt alè lè li te rive a yon distans 120 kilomèt konsa o sid Bluefields ki sitye sou kòt peyi Nikaragwa. Lap deplase ak yon vitès 25 kilomèt alè.

Enfomasyon pou repotaj sa a soti nan Associated Press

XS
SM
MD
LG