Accessibility links

Breaking News

Yon Move Tan nan Karayib la Ka Pran Fòs Epi Frape Amerik Santral


Yon gason pase sou yon wout ki inonde ak dlo nan Caracas, Venezyela, Mekredi 29 Jyen 2022.
Yon gason pase sou yon wout ki inonde ak dlo nan Caracas, Venezyela, Mekredi 29 Jyen 2022.

Sant Nasyonal Meteyowoloji a deklare yon move tan ki lage yon pakèt lapli sou rejyon sid Karayib la ak nò Amerikdi Sid la gen anpil chans pou'l frape Amerik Santral la pandan wikènn nan. Yo atann yo aske li tounen yon bon jan tanpèt twopikal epi apre sa tounen yon Ouragan pandan lap pase sou oseyen Pasifik la.

Yo bay move tan an non "Siklon Twopikal Potansyèl nimewo 2" e li lage anpil laplis sou Karayib la depi Lendi. Sepandan li poko reponn kritèr ki ta fè yo konsidere'l yon tanpèt twopikal.

Byen ta jedi maten, li te pase bò rejyon nò Kolonbi e li te santre ak yon distans 970 kilomet a lès Bluefields, sou kòt Atlantik peyi Nikaragwa.

Move tan an pote avè'l van kap soufle a yon vitès 64 kilomèt a lè.

XS
SM
MD
LG