Accessibility links

Breaking News

Nikaragwa Dakò Pou Twoup Militè Ris ak Ameriken Antre nan Peyi a


Cuba Nicaragua Inauguration
Cuba Nicaragua Inauguration

Palman an, kote gouvènman Prezidan Daniel Ortega gen majorite a, dako pou sòlda ris ak ameriken antre sou tèritwa nikaragweyen an ak ekipman militè. 78 sou 91 depite te vote pou apwouve desizyon sa a.

Sou Sekretè Deta Ameriken pou Emisfè Oksidantal yo, Brian Nichols, konsidere kòm yon "pwovokasyon danjere" envitasyon Nikaragwaa voye bay sòlda ris yo.

Dapre Mesye Nicols, memsi si objektif envitasyon an se pou byen imanitè, l ap toujou reprezante yon pwovokasyon akòz envazyon Moskou te lanse nan Ikrèn nan.

Pou Walmaro Gutierrez, egzèsis konjwen sa yo "nesesè pou èd imanitè ak echanj eksperyans" pou ede lame Nikaragwa a fè fas ak katastwòf natirèl yo e pou goumen kont trafik dwòg ak krim entènasyonal òganize.

Relasyon ant Managua ak Washington twouve yo anba gwo tension depi ane 2018 kote anpil deblozay te pete nan yon manifestasyon kont Prezidan Ortega. Dapre gouvènman Nikaragwa a, zak sa yo sete yon tantativ koudeta ki te planifye ak sipò Etazini.

Daniel Ortega, yon ansyen konbatan geriya ki gen 76 an, tabli lyen pi sere ak Moskou depi li te retounen sou pouvwa a an 2007 e Larisi te bay Nikaragwa èd militè ansanm ak vaksen KOVID-19, otobis ak taksi, ansanm ak yon satelit.ki konekte ak 24 satelit ris.

XS
SM
MD
LG