Accessibility links

Breaking News

Nikaragwa Otorize Twoup, Avyon, Bato La Risi Antre Lakay li


Foto Achiv: Prezidan Nikaragweyen an Daniel Ortega ak madanm ni, Vis Prezidan Rosario Murillo pandan yon miting politik nan Managua, Nikaragwa.
Foto Achiv: Prezidan Nikaragweyen an Daniel Ortega ak madanm ni, Vis Prezidan Rosario Murillo pandan yon miting politik nan Managua, Nikaragwa.

Gouvènman Nikaragweyen Prezidan Daniel Ortega a bay otorizasyon pou twoup, avyon, ak bato La Risi deplwaye nan Nikaragwa pou antrene, aplike lwa peyi a oubyen reponn a yon sityasyon dijans.

Nan yon dekrè li pibliye semèn sa a, e ke La Risi konfime Jedi, Ortega di li pral kite twoup Ris yo aplike la lwa, "jere asistans imanitè, operasyon sekou ak rechèch viktim nan sityasyon dijans oubyen lè gen yon dezas natifèl."

Gouvènman Nikaragweyen an bay konsantman li tou pou gen yon ti kontenjan twoup Ris lakay li "ann echanj pou eksperyans ak antrenman."

Yon pòt pawòl ministè afè etranjè La Risi souliyen lwa a pèmèt twoup Ameriken, Meksiken ak sa ki soti nan lòt peyi Amerik Santral yo vini nan peyi a ak menm objektif la.

XS
SM
MD
LG